Edikanèt, yon inisyativ dijital an favè lang kreyòl ayisyen
Edikanèt se yon òganizasyon ki angaje nan edikasyon an lang kreyòl ayisyen sou entènèt. Li te fonde an 2019 nan Lise Toussaint Louverture. Òganizasyon an ap travay pou mete lang kreyòl la an valè, bay li rekonesans epi ankouraje itilizasyon li nan tout espas edikatif, sosyal ak enstitisyonèl peyi a. Se twa jèn militan ki angaje pou koz sa a ki mete l sou pye: Luc Cadet FIGARO, Alan Joe JEAN, ak Marcus JUSMA. Depi kòmansman, Edikanèt te fikse tèt li kòm misyon prensipal pou ankouraje ansèyman an kreyòl nan tout zòn peyi a; ekri materyèl pedagojik an kreyòl; konbat diskriminasyon lengwistik kont moun ki pale kreyòl; epi fè kreyòl tounen yon lang enstriksyon, kilti ak prestij. Inisyativ sa a soti nan yon konsyans sou jan lang kreyòl la toujou mete sou kote nan sosyete ayisyen an. Dènye gwo aksyon yo te fè se te yon konkou jeni ki te fèt pandan mwa jiyè 2025, sou konesans jeneral: listwa Ayiti, jeografi, kilti ayisyen, matematik, grama kreyòl, ak lòt matyè ki gen rapò ak aprantisaj an kreyòl. Roobens D. Victor te ranpòte premye pri sou 113 patisipan.