Montréal selebre 100 an néyèswa wa Coupé Cloué ak Reine Celia Cruz
Kolektif Légendaires, ki baze nan Montréal, anonse selebrasyon ak komemorasyon 100 an néyèswa Coupé Cloué ak Celia Cruz, ki fèt respektivman 16 me pou Coupé Cloué ak 21 oktòb pou Celia Cruz. Jès sa a, ki byen merite, pou de gwo figi sa yo nan mizik Karayib la, se yon demonstrasyon sou mak yo kite nan mond lan apre yo te pase sou latè sa a. Lè nou sonje kontribisyon yo nan mond mizikal la ak bèl simbolis yo reprezante nan vwa yo pou peyi yo chak, komemorasyon sa a se yon opòtinite pou selebre idantite yo ansanm ak mizik yo.
Evènman prensipal yo pwograme nan kad komemorasyon sa a ap dewoule respektivman 28 fevriye, 10 me ak 18 oktòb. Evènman 28 fevriye a nan Kay Ayiti ki nan #3245, avni Émile-Journault ap make lansman fèt sa yo pou onore tou de atis yo. Genyen tou yon Gala 10 me an onè wa Coupé ak 18 oktòb an onè Reine Cubaine.