Orijin Kreyòl Ayisyen
Kreyòl Ayisyen an se yon lang ki te pran nesans nan 17èm syèk la, pandan Lafrans te etabli yon koloni nan lwès zile Hispaniola a, jodi a ki se Ayiti. Men orijin li remonte tou nan peryòd dominasyon espanyòl la. Lè espay te premye etabli yon kolonizasyon sou zile a nan 15èm syèk la, se te tayinòs yo ki te okipe espas la. Kontak de pèp sa yo te devlope nan mitan yo, yon zouti kominikasyon. Apre ekstèminasyon tayinòs yo, yo te al chèche nwa nan divès rejyon an afrik pou travay nan plantasyon yo. Rive nan koloni an, esklav nèg nwè yo pote kontribisyon pa yo nan emèjans zouti sa a avèk mo ki sot nan lang yo pale a.
Rezon ki fè lang kreyòl nou an gen yon baz leksikal fransè,se paske fransè yo te fè plis tan ap kolonize nou. Yo te pran kontwòl pati lwès zile a avèk trète wiswik nan lane 1697 pou rive 1804, yo te etabli yon sistèm ki te depann eksklizivman sou travay esklav Afriken yo. Kolon fransè yo te sèvi ak lang franse a kòm lang ofisyèl. Pandan esklav yo te chèche kominike youn ak lòt, menm ak kolon fransè yo. Vin gen kreyasyon yon nouvo lang ki te fasilite kominikasyon ant diferan gwoup moun sa yo. Kreyòl la, ki gen baz leksikal fransè ,men enkòpore anpil mo ak estrikti gramatikal ki sòti nan lang Afriken yo,lan tayinos yo ak lang espanyòl l, sa ki fè li yon lang rich ak dinamik.
Nan lane 1987, lang Kreyòl Ayisyen an te rekonèt kòm lang ofisyèl nan konstitisyon peyi a, sa ki te reflete yon chanjman nan panse politik ak sosyal peyi a. Anpil Ayisyen, te wè sa kòm yon rekonesans idantite kiltirèl yo. Men, malgre sa, anpil moun te toujou kwè lang fransè a, ki te konsidere kòm lang elit la, te pi bon. Sa a te kreye yon divizyon ant moun ki pi alèz pou pale Kreyòl la ki se lang matènèl yo ak sa yo ki ka di de mo fransè e ki bay lang sa a plis valè to