R.V.C, yon enstitisyon kretyen referans nan Ayiti.
Rendez-vous Christ (R.V.C) se yon rezo legliz ak enstitisyon kretyen ki rasanble anba lidèchip Reveyan Pastè, Dr. Julio Volcy. Rezo a konpoze de kanpis ki nan Delmas 75, Caseau, Jérémie ak Kap Ayisyen. RVC sipòte legliz sa yo ak lòt enstitisyon charitab kretyen pou ranfòse misyon li nan popilasyon ayisyen an. Rendez-vous Christ ap prepare pou selebre 9èm anivèsè li le 23 mas pwochen. Okazyon sa a, legliz la gen plan pou ale vizite prizonye yo, pataje bon nouvèl Levanjil la avèk yo, manje ansanm avèk yo, epi ofri lòt kado.