Melchie Daëlle Dumornay, yon zetwal ayisyèn pami elit foutbòl mondyal la
Melchie Daëlle Dumornay se yon foutbolèz pwofesyonèl ayisyèn ki ap jwe nan premye divizyon chanpyona fanm franse a. Li fèt nan peyi Ayiti, nan yon vil mwayen ki rele Mirebalais, 17 out 2003. A sèlman 21 an, li vin tounen sèl pèsonalite ayisyèn – tout kategori ak tout sèks konfonn – ki jwenn nominasyon pami 30 kandida pou prestijye pri endividyèl Ballon d’Or ke magazin France Football bay chak ane. An reyalite, jèn fanm 21 an sa a jwenn plas li nan lis Ballon d’Or 2025 lan, kote li ansanm ak pi gwo non foutbòl mondyal la, apre yon sezon ekstraòdinè. Sou plan pèsonèl, li make 24 gòl epi li bay 10 pas ki fè gòl nan 31 match sèlman. Sou plan kolektif, li rive jwe demi-final Lig Chanpyon fanm Ewopeyen an (epi li menm te eli pi bon jwè sezon 2024-2025 la) epi li ranpòte chanpyona Lafrans ak ekip li a, Lyon.