JO 2024 : Ayiti, klase 3yèm pami rad ki pi elegant daprè Forbes
Pandan Je Olenpik 2024 yo te lanse Vandredi 26 Jiyè sa a, Paris te vibre nan ritm pèfòmans atistik ak parad ki soti nan plis pase 200 delegasyon atravè mond lan. Pami delegasyon sa yo, Ayiti te rekòmanse ak yon inifòm olenpik ki te atire atansyon entènasyonal e ki te klase twazyèm nan 10 inifòm ki pi elegant, dapre Forbes.