Nanm Vodoua fè dife Ogou Feray nan Enstiti Fransè a
Yon lane apre lage album yo “TRAVÈSE”, gwoup Nanm Vodou kontinye trase chemen mizik li ak pasyon ak otantisite. Avèk bonjan sipò Enstiti Fransè an Ayiti, Nanm Vodou te prezante konsè “Yon lane pou Travèse” jedi 18 jiyè 2024 la, pou make kòmansman fèt ete yo. Fanatik mizik ak kilti ayisyen yo te fè eksperyans yon sware kaptivan, kote ritm tanbou yo ak chant sakre yo te fè yon rezon ak entansite espirityèl.