Kenscoff, lot kote Ayiti ke nou refize we
Chiche nan wotè, anlè vil Pétion-ville, vil Kenscoff se yon bijou limen anlè zòn metwopolitèn Pòtoprens. Komin nan sitiye nan depatman lwès peyi d Ayiti, epi li se apeprè 10 kilomèt de sant vil Pòtoprens, kapital peyi a. Vil Kenscoff te fonde an 1930, e li te monte nan ran komin an 1934. Komin nan gen yon sipèfisi 202,76 kilomèt kare e li konpoze de senk seksyon minisipal: Belle-fontaine, Bongars, Grand-fonds, Sourcailles. Ak New Touraine. Kenscoff se youn nan komin ki gen plis mòn ann Ayiti.